Byenvini nan kominoté Haiti Entrepreneurs a
Nou ofri tout sa yon antreprenè bezwen pou fè biznis li grandi tankou : Fòmasyon, akonpayman ak yon rezo prive investisè pou ede-w lanse, estriktire biznis ou epi fèl grandi, an Ayiti kou nan dyaspora a.
Chwazi nivo ki koresponn ak pwojè ou a
DEMARAJ
Rejwen pi gro rezo antreprenè ayisyen a travè mond lan e benefisye ak Haiti Entrepreneurs : fòmasyon, ide biznis , akonpayman ak yon rezo investisè prive pou ede-w lanse pwojè w yo an Ayiti kou aletranje.
Nivo demaraj la se pòt antre ekosistèm Haiti Entrepreneurs ya. Li fèt pou moun ki gen yon ide, yon pwojè oswa yon ti aktivite antreprenaria e ki ta renmen aprann, epi fè pati de yon rezo antreprenè kila pou ede yo. Wap jwenn aksè a fòmasyon , modèl plan biznis pou estriktire aktivite w yo, epi nou mete an plas yon gwoup prive pou manb nou yo, kote ou ka echanje ak lòt antreprenè an Ayiti, Ozetazini,chili , brezil , Kanada oubyen Lafrans.
Nan Nivo 1 an wap jwen sèvis:
- ✔ Kreyasyon Boutik ou an liy sou Shopizone Haiti si wap van-n pwodui ak piblisite gratis.
- ✔ Kreyasyon biznis plan pou investisè yo
- ✔ Integrasyon sistèm péman Moncash ak Natcash pou bisnis ou.
- ✔ Aksè ak modèl biznis plan pou investisè, elatriye)
- ✔ Aksè nan gwoup prive entreprenè yo a pou konstwi rezo, patenarya ak patajé opòtinite
- ✔ Rediksyon sou Pri manb pou kek sèvis Haiti Entrepreneurs yo (rabè 5 %)
Kwasans
Pase biznis ou nan yon lòt vitès : En plis aksè ak plizè page ak group facebook nou mete a dispozisyon-w chak mwa nou kreye 2 anons piblisité maketing pou bisnis ou, plis yon apèl estratejik chak mwa ak pri preferansyèl 5% sou sèvis ak prodwi nou yo.
Nivo Kwasans la fèt pou antreprenè ki deja nan aktivite epi ki vle estriktire kwasans biznis la ak atire plis kliyan. Ou benefisye tout sa Nivo demaraj la genyen, plis zouti maketing konkrè ak yon akonpayman yon leader chak mwa, wap ka pale pandan 30 minit ak yon konseye pou fè pwen sou vant ou yo, aprè lap tounen ak yon plan aksyon pou korije sak merite korije. Ou jwenn aksè tou nan pak maketing yo (vizyèl, kalandriye kontni, modèl piblisite Facebook, TikTok ak Google) epi ou benefisye pri preferansyèl sou kreyasyon sit entènèt, jesyon rezo sosyal, piblisite etc…
Li gen ladan l :
- ✔ Tout sa Nivo demaraj la genyen, ak aksè nan 2 fòmasyon Haiti Académie mete a dispozisyon biznis yo
- ✔ Aksè nan pak maketing yo (vizyèl, kalandriye kontni, modèl piblisite Facebook, TikTok ak Google)
- ✔ 1 apèl estratejik 30 min chak mwa
- ✔ Pri preferansyèl 10 % sou tout sèvis yo (sit entènèt, maketing, branding, POS, kreyasyon antrepriz)
- ✔ Aksè priyoritè nan nouvo zouti ak fòmasyon yo
Business PRO
Akonpayman ki pi konplè a : vizibilite devan envestisè yo, yon livrab pwofesyonèl chak mwa ak yon swivi estratejik pou finanse epi akselere pwojè-w yo.
Nivo Busines Pro a fèt pou antreprenè ki vize finansman oswa yon kwasans rapid. Li konbine tout sa Nivo Demaraj la ak Kwasans la genyen. Nou mete aksan sou chak detay pou kwasans antrepriz la. Yon fwa pa mwa ekip nou an pral fè yon odit pou verifié si tout bagay ap fonksyone. Prepare biznis plan e prezante l bay rezo envestisè Haiti Entrepreneurs yo, ak yon dosye byen prepare (pitch, rezime finansye). Chak mwa, ekip nou ap gen pou bay yon livrab pwofesyonèl ant yon vizyèl foto pub, oswa yon videyo pwomosyonèl.Wap benefisye tou yon pri preferansyèl ak yon aksè priyoritè nan tout sevis nou pral lanse pi devan yo.
Li gen ladan l :
- ✔ Tout sa Nivo Demaraj a Kwasans lan genyen an
- ✔ Yon sit entènèt pwofesyonèl 4 paj, ak pwòp non domèn ou an ladan l.
- ✔ Piblikasyon epi miz an vizibilite pwojè-w la devan rezo envestisè nou yo
- ✔ Akonpayman nan preparasyon dosye a (pitch, rezime plan finansye a)
- ✔ 1 livrab pwofesyonèl chak mwa : vizyèl, ti videyo pwomosyonèl oswa odit, ke ou chwazi
- ✔ Pri preferansyèl 15 % sou tout sèvis Haiti Entrepreneurs yo
- ✔ Sipò priyoritè (repons nan 24 a 48 èdtan ouvrab)
Apèsi jeneral
| Karakteristik | Demaraj | Kwasans ★ | Business PRO |
|---|---|---|---|
| Pri chak mwa | 330 Gds | 16 $ | 54 $ |
| Pri anyèl | 4000 Gdes | 199 $ | 650 $ |
| Piblik sib | Debitan, ki vle lansé | Antreprenè aktif ki vle grandi | Antreprenè k ap chèche finansman |
| Akonpayman imen | Non | 1 apèl estratejik + 1 livrab / mwa | 1 apèl + 2 livrab / mwa |
Poukisa chwazi abònman anyèl la ?
Posibilité pou paticipé chak mwa a webinè totalman gratis
Yon bonis eksklizif selon nivo anyèl ou chwazi a
Yon pri bloke, pwoteje kont nenpòt ogmantasyon nan lavni
Tan pou wè vrè rezilta (yon akonpayman bay fwi li nan 6 a 12 mwa)
Vizibilite devan envestisè yo pa yon garanti finansman.